M Fidjyyy 

465 Followers
362 Following
30 Posts
Haitian Rapper
L'alpha en personne
| EvadeSistemNan |
#Sagittaire 🏹
Follow me via les réseaux sociaux:
@mfidjyyyevade
Anvi Viv [ Official Video ] 👇
https://youtu.be/5OhqbtRdmHY
Facebookhttps://www.facebook.com/MfidjyyyEvade/
Instagramhttps://www.instagram.com/mfidjyyyevade/
Twitterhttps://mobile.twitter.com/mfidjyyyEvade
YouTubehttps://youtube.com/c/MFidjyyyEvade
Finalman
Mwen disponib pou kèk medya.
N ap kòmanse nan emisyon
" Booster talan atis yo "
Radyo mega 103.7 fm 📻
animatè: Romanes Samedi avèk Colbert One
Ou kapab branche depi 8è nan maten
Vandredi 6 oktòb 2k23
L'alpha en personne, map la...
#EvadeSistèmNan
Leta peyim ak tout konniflèt li yo kontinye ap simaye latwoublay sou sòl Jean Jacques Dessalines nan. Jounen jodi an yo arive mete tout moun carrefoufeuille deyò:
Sa yo touye, Yo vyole, Piye kay elatriye...
M se nèg nan Nò, mwen grandi carrefoufeuille.
Sa fèm lapèn, menm lè map viv sitiyasyon sa avèk nou 🤦🏽‍♂️
" Tout masak, tout kidnapping se plis nan mas la 😡.
Sa k di yap panse pou nou, yo enplike nan tout zak louch yo. "
Randevou 20 Septanm 2023 a pati 8è nan maten.
#EvadeSistèmNan ✊🏽
Anhh pou bandi Sakrifye tout moun sa yo nan kafoufèy 😡
Pou yo arive ap sikile nan tout katye sa yo.
Pou moun ap rache moun, kenbe moso kò moun pou fè sèlfi...
Mpa konn si poum kalifye sa kòm feblès pou nou menm Leta, oswa si se objektif nou sa ye menm: " retire lavi chak moun nou kwaze sou pasaj nou, redui peyi a nèt an sann "
Poukisa tout atis, tout blogè ak lòt enfliyansè yo fèmen je yo sou sa kap fèt la ?
A mwens ke nou pa o kouran de sa popilasyon kafoufèy lan ap viv moman sa yo.
M eseye gad si ma fon ti souri pou fen jounen an, men se difisil anpil apre sa m viv dènye jou sa yo, sa m wè jodi a nan kafoufèy
[ Blòk Pam ]
Tip moun mwen ye an Si Zanmi Timoun pa t kwazem, M tap kwaze Zanmi Timoun
Sou wout mwen kanmenm.
M ap raple w:
Gen moun ki bay lavi moun enpòtans toujou sou ti bout tè sa.
🤏 Nou jis pa anpil.
Polisye ap manifeste yo di se gang
pèp pran lari yo di se gang
Bandi anvayi blòk ou, kèk polisye ap mete men pou evite plis inosan viktim nan zòn nan malgre yo pa gen anyen serye nan men yo.
Gen yon otorite ki oze di piblikman:
se gang ak gang kap goumen.
Ebyen o final: depi wap viv Ayiti ou se gang?
Nou mande lapè pou kafoufèy ✊🏽
Nou mande lapè sou tout tèritwa nasyonal la 🇭🇹.
Nou paka aksepte kontinye ap viv konsa.
#EvadeSistèmNan
#NouMandeLapè
#PèpAyisyenAnviViv
Samdi 5 dawout 2023 depi anviwon 2è nan maten, anpil tire nan zòn carrefoufeuille spesyalman savann pistach.
M wete chapo devan chak sitwayen: "polisye, tankou sivil ki chwazi bliye somèy yo pou pwoteje zòn sa ak zong yo jan yo kapab"
Sa gen kèk tan popilasyon an ap plede mande sipò wo kòmandman lapolis la
#CSPN Police Nationale d'Haiti - PNH
Chak jou yap fè piblikasyon, yo pase nan medya okenn suivi pa janm fèt.
Timoun kou granmoun ap viktim chak jou nan zòn nan. Kisa nou deside fè menm ?
Kyètttt mesye jan tan sa leve la, epi yap plede dim Kleren pa bon pou sante m. Ben lè konsa se pou nou tou dim men ki avantaj ki genyen lè m mouri en bonne santé 🥃
Kijan bò isit la ye svp?

Jodi a mpran lari a
Mpa kache di nou:
lari a pa gen bon sant ditou non
🤦🏽‍♂️
Peut importe sa w aprann nan, se tankou se teyat wap fè.
Ou ka fè hit ou vle wi zanmim
Men franchman m vin reyalize " depi se Ayisyen w ye, hit ou fè an pap itil ou gwo bagay, sitou si wap viv nan jeng lan ".
🇭🇹 Blag 🤣😭

A Suivre... 🤔
#EvadeSistemNan

Si legliz ap fè afè pa yo vre
M p ap nan lye sa 🕍, m p ap ba w do
Nou youn pa plis ke lòt vre
Menm ti chè an ak yon blòk zo
🤦🏽‍♂️
Ann aprann viv nan lanmou
Ak respè youn pou lòt 🇭🇹
Bon 🌤️ ✋🏼
#EvadeSistemNan
#AcaoProduction
#AlyMage