kastro509 

0 Followers
4 Following
40 Posts
Jodia se jou konje fédéral mkwe Biden te fè date sa depyi 3 zan konje di moun yo sa wi #sawdwekonnen
ou gen pou wè pandan wap touye tet veye email epi ajan menm chita la yap mang tu bègè ti sesi ti sela , bay blag😀 Jwe ak cheve yo😀 épi ou menm wap veye E-mail 📧 😂

Chak jou @uscis trete sèlman 1000 dosye,e yo konn resevwa preske 12000 pa jou! 🤦🏽‍♀️🤦🏽‍♀️🤦🏽‍♀️🤦🏽‍♀️ daprè @DHSgov

Mwen vle diw sa maten an ou menm Case ou a Confirmed deja ou se yon moun beni🙌🏼 Siw poko konfime pran pasyans priye

#pogramBiden. Depi fin mwa mars pou avril pase a USCIS Toujou Rep. 500 moun chak lundi _ pou rive vandredi yo konfime sa pou moun ki toujou doute men yo bay plus detay si wap tann E-mail 📧 Depi janvye konnen ke tout Dosye janvye preske fin klase yap Fèmen dosye janvye yo semaine Pwochen pap gn dosye janvye ankò Siw se moun fevriye ak mars yap fèmen dosye sayo 15 juin pou fevriye épi 12 juillet pou mars yon ti pasyans plus priye sifi pou Nou chak Nou pa f nouvel Nou bay nouvel one love guy’s
🚨#PwogramBiden: Siw konfime, FÈ ATANSYON ak “Online Access Code” ou a. M konnen gen plizyè moun kap ede benefisyè yo konplete pwosesis la, men si yon moun ap akonpanye w, asire w se yon moun ou fè konfyans. Pa bliye, kòd sa se li ki MANMAN KOZE a. Kreyòl pale ! Kreyòl konprann !
#pogramBiden msg pou tout moun kap swiv mw sou paj la lè Nou resevwa Premye E-mail 📧 la pa f Al tèt cho nan Etap CPB one nan guy’s pâti sa a sansib anpil Siw pa konprann anglais jwenn yon moun ki k edew ki konprann anglais a kesyon tèt cho a pa fel gn moun ki pa konfime se akoz yon senp ère yo f etap CPB one nan mw mpa bezwen yon goud nan pyes moun poum edew absoliman yon goud mpa bezwen se yon kout men map bay
Chalè sa a vle toufew menm Siw fenk fin benyen
Razè a vle koupe kouw menm siw gn espwa kob ou pa jwenn kob Yo aplike nan pogram Biden nan pou ou yo poko vle relew ou pè soti koz bandi pran tout peyi a pagn kouran pou gad tele galon gaz 300 dola ou gn yon paspò 10 ans menm yon vye viza st domeng li pa gn yen epi ou di wap viv Kikote wap viv la a 😂 😂 Al verifye si rat 🐀 pa pike paspòw la tande veye E-mail 📧 ap fin avek Nou isiba 😂 😂 😂 icikastro

Sakrifis wap fè yo, konbyen moun ki pare pou fè yo an retou pou ou?
• Konbyen ki chèche konn kijan w ye san ke se pa ou ki fè premye pa?

Nou tout gen strès nou tout gen pwoblèm, ou ka pi solid men sa pa vle di w pa gen moman feblès.

Ou merite atansyon tou..#icikastro

Bilan maten an🇭🇹
1) annatandan Popilasyon an sot boule 2 machann pen nan pako, yo ap vann pen epi anba panye pen yo plen katouch😂
2) Pi ba St Louis Roi de France lan yo boule yon bandi ak tout motol,
3) yon machin pase tire sou plizyè moun chandmas, lè yo rive bò stad la yo kwaze ak swatt bap pou bap, yo fill pou tout nèg yo , yo t nenpòt 7, aprè sa Lapolis repliye a 0, pandan patizan yo vin pran kò yo, swatt re fill pou 5 ankò,👏👮🏽‍♂️🇭🇹 semèn sa pwogram sa genlè pi rapid ke pwogram Biden nan⚖️🇭🇹
*Anvanw joure yon fanm dil vye pawol li ta enpotan pou ta chache konnen kisa lap andire chak fanm pesevwa lavi yon Jan e yo chak ap viv yon reyalite gen fanm kap batay jou e nwi ,ki bay tout Ti enèji yo nan ide pou yo gen yon bon relasyon e yon vi respektab men kom rekonpans se rejè,se imilyasyon,se mepri,se enfidelite yo jwenn,nan plas kritik ak repwoch anpil fwa fanm yo bezwen yon ti respe ak yon Ti konpreyansyon* #icikastro✍✍✍✍✍✍✍✍✍✍✍✍✍✍✍✍✍✍✍✍✍✍✍✍