Mwen vin gran, nan chache lavi, m pran travay kay moun pou m okipe ti moun. Apre sa, m jwenn yon travay kòm sipèvizè nan yon gwo otèl Pòtoprens. Msye Sadrack ki se mèt otèl la te yon gwo diplomat. Nan lanne 1967, li te voye m Bostonn pou m te vin ede yon pitit fi li, madan Polidò, ak 4 ti moun li yo. Men, madan Polidò te prepare l pou l fè m tounen yon esklav. Malchans pou li, nan entèvyou pou rezidans lan, konsil la montre m lèt li te voye pou sipòte dosye m nan. M te tou wè konbyen kòb li te di l ap peye mwen. Byenke m di madan Polidò sa, li peye m 16% sèlman nan lajan li te di nan lèt la. Malgre sa li kenbe m tankou yon prizonye nan kay la kote m pase prèske 2 an nan yon lagoni...
M gn 74 an kounye a, se yon plezi pou m rakonte eksperyans lavi mwen espesyalman lagoni mwen tay madan Polidò nan Bostonn." - Evette Nau Laurencau